KONAP di Wi pou yon Ministè Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm K ap defini politik piblik ak règleman pou chanje kondisyon fanm ayisyèn! Depi lendepandans fanm ayisyèn ap goumen. Soti lane 1930 rive jounen jodi a, yo pa sispann goumen pou fè rekonèt epi respekte dwa yo kòm moun, kòm sitwayèn. Yo bay lebra ak lòt mouvman sosyal yo, paske defann kòz fanm, sa vle di batay pou transfòme sosyete a, pou kaba inegalite.
An 1986, lè pèp ayisyen rive soti anba rejim bout di Divalye a, fanm yo te leve kanpe toupatou nan peyi a pou fè konnen demokrasi pa p kapab fèt san patisipasyon yo. Se konsa 3 avril 1986, plis pase 30 mil fanm te fè tande soukous yo nan Pòtoprens, e plizyè santèn te pouse rèl yo nan pwovens yo. Depi lè a, fanm pa sispann mache kontre ak fanm parèy yo, pou konstwi òganizasyon, pou mete fòs yo ansanm, pou fè tande vwa yo sou kouman bak peyi a dirije. Nan lit n ap mennen depi digtantan, nou ranmase anpil gany. Rezilta batay nou pèmèt anpil baryè kraze, nan edikasyon, fòmasyon, travay, patisipasyon epi nan fè konprann dwa fanm se dwa moun. Pwogrè sa yo bon pou tout sosyete a nèt. Mobilizasyon ak pledwaye fè nou vin genyen yon Ministè Kondisyon Fanm, ki se yon zouti anndan pouvwa Ekzekitif la. Se pa t yon kado. Ministè a la pou panche sou inegalite ant fanm ak gason nan sosyete a. Li la pou veye pou enterè fanm yo pran an konsiderasyon nan tout kote dezisyon ap pran pou peyi a.
Lè nou konnen kijan sistèm patriayakal la plante rasin li fon nan sosyete a; Lè nou konsidere kantite lòt baryè ki drese pou anpeche fanm yo jwi dwa fondalnatal yo kòm moun, kòm sitwayèn; Lè nou konnnen tout sa, nou estomake tande Premye minis deziye a, Daniel Rouzier, deklare li pral foure Ministè fanm nan anndan Ministè Afè sosyal. N ap mande, si Premye minis deziye a konprann reyalite kondisyon fanm ayisyèn? Si li okouran angajman Leta pran ofisyèlman sou dosye a? Si li konprann jan mankman nan respè dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl makònnen ak rapò dominasyon/eksplwatasyon, pou tabli move kondisyon nan sosyete a pou moun ki gen sèks fi? Egzistans Ministè Kondisyon Fanm nan se yon siy ki montre Leta rekonèt gen pwoblèm fanm ap konfwonte nan sosyete a paske yo se fi. Se yon siy ki montre gen volonte pou eseye chanje sa, pou rann fanm yo jistis parapòta diskriminasyon, ak vyolans y ap sibi. Egzistans Ministè Kondisyon fanm nan montre Leta bay tèt li zouti pou li respekte Konstitisyon peyi a ki di tout moun egal ego. Egzistans Ministè Kondisyon fanm nan montre Leta vle respekte angajman li pran lè li siyen divès Konvansyon ak Akò entènasyonal sou dwa fanm, espesyalman Konvansyon kont diskriminasyon sou fanm, Konvansyon kont vyolans sou fanm, epi Pwogram Aksyon Beijin. Pou tout rezon sa yo KONAP ap di ekip Prezidan Martelly a, li fè move kalkil. KONAP ap tann pito pou gouvènman tou nèf la demontre li vle ranfòse enstans Leta yo, pou yo gen plis kapasite pou chèche solisyon pou pwoblèm yo, espesyalman pwoblèm fanm ap rankontre akòz rapò inegalite, akòz vyolans. Si nouvo gouvènamn an kwè vre nan prensip egalego nan sosyete a, li pa dwe ap eseye remete fanm yo dèyè rido. KONAP di ak tout fòs, li pa dakò ditou ak lide pou disparèt Ministè Kondisyon Fanm nan ak demach k ap anfouraye li nan yon lòt Ministè. Nou bezwen Ministè Fanm nan kòm zouti. Nou bezwen pou li ranfòse, pou li ka pran tout dimansyon politik bezwen estratejik ak bezwen pratik fanm yo, pou li ka ranpli misyon li kòmsadwa. KONAP mande òganizasyon fanm, òganizasyon dwa moun, òganizasyon sitwayèn, tout moun, gason kou fanm, ki kwè nan jistis sosyal pou yo soutni rèl KONAP k ap di gouvènman Martelly a fanm yo pa kapab tounen deyè. Nou pa p pèdi sou gany nou fè apre anpil lit ak sakrifis. Lit feminis la, se lit fanm yo, se lit pou konstwi yon sosyete ki chita sou jistis ak egalite ! Pòtoprens, 30 me 2011 Pou KONAP Olga Benoit Yolette Jeanty
Komite Kòdinasyon KONAP: Fanm Deside, Kay Fanm, REFRAKA, SOFA |